Powèm entèdi

 Auteur : Guy Junior Régis

Collection : Poésie

Date de parution : octobre 2016

Guy Junior Régis se powèt, otè pyès teyat ak womansye. Powèm entèdi se yon liv ki fèt ak yon seri mo k di san lasisin tout koze moun pè pale lajounen. Li rasanble tout pawòl dous ki fè lavi boujonnen nan mitan lannuit. Chak powèm nan liv sa a se yon ochan pou lavi ka flewonen menm lè lannuit bare solèy nan pwent douvanjou. Se yon chante lespwa powèt la pote, yon vèvè l trase pou lanmou gaye san mezi tankou pidetwal nan sezon Nwèl.