Stella [version créole]

Auteur : Émeric Bergeaud

Titre : Stella

Traduction [créole haïtien] : Moles Paul (sous la direction de)*

Collection : Classique

𝐈𝐥𝐥𝐮𝐬𝐭𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧 𝐝𝐞 𝐜𝐨𝐮𝐯𝐞𝐫𝐭𝐮𝐫𝐞 : © Édith Lataillade (collection Festival Arts)

ISBN : 978-99970-71-50-7 

Date de parution : 5 octobre 2026

Prix : USD 19.95 | Commander ICI

Stella se yon woman ki pote siyati Émeric Bergeaud. Woman sila a parèt  an 1859, yon lane apre lanmò Bergeaud. Se premye woman sou kokennchenn revolisyon esklav yo te fè soti anba dominasyon Lafrans e se premye woman ayisyen. Woman an pa sèlman yon rekèy istwa, li pote yon vizyon, yon rèv pou Ayiti: yon nasyon ki ta dwe bati sou jistis, respè ak linite. Non « Stella » a, ki vle di « Zetwal » nan laten, senbolize limyè ak espwa yon pèp ki sòti nan fènwa esklavaj pou l vin mèt tèt li.

[…]

Jodi a, li Stella an kreyòl se yon aksyon revolisyonè. Sa p ap sèlman fè n retounen nan eritaj literè n, l ap pèmèt nou mete lang manman n, ki se idantite n, nan mitan gwo refleksyon sou istwa nou. Tradiksyon sa a se yon envitasyon pou chak ayisyen dekouvri yon lòt fwa eritaj li nan lang li, epi pou l konprann pi byen ki plas li nan lit kont tout fòm esklavaj modèn yo. Lè w li vèsyon kreyòl la, se tankou w ap tande zansèt yo k ap pale avè w yon fason pi klè epi ki pi prè w. Liv sa a pa sèlman yon woman n ap li, se yon envitasyon pou nou kontinye batay pou liberasyon nou, nan tout sans mo sa a.

Moles Paul, Ph.D


À propos de l’auteur : 

Émeric Bergeaud fèt lavil Okay nan lane 1818. Li se otè premye woman ayisyen an, Stella, ki parèt nan lane 1859. Se sou zile Sentoman li mouri nan dat 23 fevriye 1858. Li te gen 40 lane.

À propos du traducteur : 

Moles Paul gen yon doktora nan Syans langaj nan inivèsite Paris 8. Kowòdonatè gwoup rechèch Greska, li se profesè nan Fakilte lengwistik aplike an Ayiti. 

_______________

* avec la collaboration de Greska (Gwoup Rechèch sou Sans nan Kreyòl Ayisyen).

Pour consulter l’édition française, CLIQUER ICI