Stella

Auteur : Émeric Bergeaud

Titre : Stella

Traduction en créole haïtien : Moles Paul (sous la direction de)*

Collection : Classique

𝐈𝐥𝐥𝐮𝐬𝐭𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧 𝐝𝐞 𝐜𝐨𝐮𝐯𝐞𝐫𝐭𝐮𝐫𝐞 : © Édith Lataillade (collection Festival Arts Gallerie).

Date de parution : 5 octobre 2026

avec la collaboration de l’équipe de recherche Greska (Gwoup Rechèch sou Sans nan Kreyòl Ayisyen).

Stella se yon woman ki pote siyati Émeric Bergeaud. Woman sila a parèt  an 1859, yon lane apre lanmò Bergeaud. Se premye woman sou kokennchenn revolisyon esklav yo te fè soti anba dominasyon Lafrans e se premye woman ayisyen. Woman an pa sèlman yon rekèy istwa, li pote yon vizyon, yon rèv pou Ayiti: yon nasyon ki ta dwe bati sou jistis, respè ak linite. Non « Stella » a, ki vle di « Zetwal » nan laten, senbolize limyè ak espwa yon pèp ki sòti nan fènwa esklavaj pou l vin mèt tèt li.

[…]

Jodi a, li Stella an kreyòl se yon aksyon revolisyonè. Sa p ap sèlman fè nou retounen nan eritaj literè nou an, l ap pèmèt nou mete lang manman nou, ki se idantite nou, nan mitan gwo refleksyon sou istwa nou. Tradiksyon sa a se yon envitasyon pou chak ayisyen dekouvri yon lòt fwa eritaj li nan lang li, epi pou l konprann pi byen ki plas li nan lit kont tout fòm esklavaj modèn yo. Lè w li vèsyon kreyòl la, se tankou w ap tande zansèt yo k ap pale avè w yon fason pi klè epi ki pi prè w. Liv sa a pa sèlman yon woman n ap li, se yon envitasyon pou nou kontinye batay pou liberasyon nou, nan tout sans mo sa a.

Moles Paul, Ph.D


À propos de l’auteur : 

Émeric Bergeaud fèt lavil Okay nan lane 1818. Li se otè premye woman ayisyen an, Stella, ki parèt nan lane 1859. Se sou zile Sentoman li mouri nan dat 23 fevriye 1858. Li te gen 40 lane.

À propos du traducteur : 

Moles Paul gen yon doktora nan Syans langaj nan inivèsite Paris 8. Kowòdonatè gwoup rechèch Greska, li se profesè nan Fakilte lengwistik aplike an Ayiti. 

Pour consulter l’édition française, CLIQUER ICI